Saturday, July 24, 2010

Trois poèmes d’été / Twa powèm ete / Three summer poems

J’ai écrit ces trois, non traduits, poèmes durant l’été 2010, au cours d’une période de deux semaines. Le poème en français est le tout dernier volet — le troisième — d’une série de poèmes d’observation (aperception) sur une personne réelle que j’ai vue décrépir sous mes yeux au cours des ans. Le poème en anglais est tiré lui aussi d’une expérience empirique que j’ai personnellement vécue, pris sous le charme enchanteur d’un oiseau chanteur ; quant au poème en haïtien, il concerne l’état continuellement critique d’Haïti six mois après le tremblement de terre, concluant qu’en face de telles calamités, de souffrances infligées par les manquements humains, et de tant de démissions, « la révolution reste toujours la seule solution ».

Mwen ekri twa powèm san tradiksyon ou wè la yo diran ete 2010 la, sou yon peryòd de de semèn. Powèm en fransè a se dènye — twazyèm — livrezon nan yon seri de powèm obsèvasyon (apèsepsyon) sou yon moun reyèl mwen te wè ap fin delalay devan zye m pandan pasaj ane yo. Powèm ann anglè a soti de yon eksperyans anpirik, reyèl, mwen te pèsonèlman viv, lè m te tonbe anba cham yon zwazo chantè kou Simbi; pou powèm ann ayisyen an limenm, li gen awè ak eta de kriz Ayiti toujou ladann sis mwa apre tranblemanntè a, epitou powèm lan konkli, devan pil kalamite sila yo, nan mitan chay soufrans pwòp imen parèy nou ap fè nou sibi, e devan tou demisyon kaponnri sila yo, « revolisyon ret toujou yon sèl solisyon ».

I wrote these three, non-translated, poems during the summer of 2010, within a period of two weeks. The French poem is the latest — the third — installment of a series of observatory poems (apperception) regarding a real person I have seen aging and falling apart under my eyes over the years. The poem in English is related to an empirical experience I have personally lived, taken as I was by the enchanting charm of a singing bird ; as for the poem in Haitian, it is concerning the continually critical state of Haiti six months after the earthquake, concluding that, faced with such calamities, such suffering inflicted by human failures, and amid such demissions, “revolution still remains the only solution”.

Une aperception du campeur

Son visage est défait
tel un rebours de quoi que soit
depuis notre dernière rencontre
par les rides soudainement apparues
les ossements sous les assauts du temps
élongés tout au long du menton
comme si venant d’une longue traversée.

Je le revois le lendemain
d’une allure pressée et gaie
mais comme pour aller nulle part
il a perdu son calme regard d’introspection
qui questionnait en silence le destin
même si sans jamais le défier.

Je le revois marchant à grands pas titubant,
semblant se résigner au grand troc
de la dégradation galopante du corps
contre de fous moments de plaisirs de l’instant
dans les abîmes du non-retour
comme la voie tracée depuis longtemps
inéluctable comme une perdition.

Pour mieux vivre ses élucubrations
dans les néants de l’extrasensoriel
il s’est longtemps avoué vaincu
pensant que c’est le péché fondateur
qu’on lui fait croire d’avoir commis
qui le dispense de toute obligation.
Il n’est jamais retourné du voyage
qui l’a envoyé dans les ténèbres du temps.

-Tontongi, juillet 2010


The Urban Singing Bird

He sings early in the morning
when the night’s tranquil sleep
crosses paths with the opening day;
he sings the same song in three tones
the kulukulytutulutytukutulitukuly
in the masterly rendering of a pro.
Often other musician birds would join him
in disparate, arbitrary intervals
to complete the morning symphony.
He sings it seems just for the joy
to welcome the dawn at the gate.

He sings in many other places
at different time of the day
I heard him the other day in the brush
near the Cambridge Hospital’s parking lot
serenading in his unique famed melody
its tonality covered by the urban foggy noise.

He sings to go along
with the flow of the time
continuity, movement, cadence
and rhythm of the passing instant.
He sings early in the morning
when nobody seems to care.

-Tontongi, July 2010


Sis mwa apre dekonstonbray

Sis mwa apre dekonstonbray
Se yon sèl traktè moun wè sou Granri
Yon sèl vila an mab souvnans nan plantasyon
Chaje ak motif neokoloni sou Dèlma.
Pil debri kontinye makiye Pòtoprens
Zantray li dyondyonnen pil tant pou moun dòmi.

Sis mwa apre dekonstonbray
Koup Mondyal detounen kout lanmèd malpwòpte
Gòl Forlan ak Inyesta defoule reyalite malouk
Bellerive ak Clinton mande pou lajan debouse
Sot lakay peyi gwo zouzoun ki sèmante sèt fwa
Devan Loni pou ede rekonstwiksyon ak kout kreyon
Sou lokipasyon dan griyen malandren an kas ble
San fè meya kulpa pou diri k’ap toupizi agrikilti.

Anpil tan apre dekonstonbray
Peyi a kontinye depeple opaotwoogalop
Osekou pou sove madichon pran lepa
Tout sa k pèdi yo rete gwo pèdan nan ran ban
Pwofitè anvayi toupatou nan lakou kay Kwakou.

Anpil tan apre dekonstonbray
Ankenn pwomès pa janm reyalize
Kòlèk Bò-de-mè rete byen eskanpe
Menm fo komedi pa fè Lafrans debranle
Yo ret refize peye pou vòl endemnite.

Sis mwa apre dekonstonbray
Tout sa k pèdi yo rete gwo pèdan nan ran ban
Sivivan poko pran bouk chandèl
Mande ladelivrans pou Ayiti Toma.
Anpil tan apre dekonstonbray
Apre tout emosyon anba kadran je CNN
Anderson Cooper ak Doktè Gupta lage bon dokiman
Lajan pa janm deplase sot nan bous Tonton Nwèl.
Anpil tan apre dekonstonbray
Revolisyon ret toujou yon sèl solisyon.

-Tontongi, jiyè 2010

To see other writings by Tontongi, go to website :
Pour voir d'autres écrits de Tontongi, aller sur le site:
Pou wè plis tèks Tontongi ekri, ale sou sit:
http://www.tanbou.com